Kisa Konevya ye?

Konevya se yon platfòm edikatif an kreyòl ki fèt pou ede elèv ayisyen aprann pi byen. Nou mete ansanm rezime leson, dokiman, fich revizyon ak lòt resous ki prepare selon pwogram lekòl ann Ayiti. Nou kwè chak elèv merite jwenn bon jan materyèl pou etidye, kèlkeswa kote li ye. Se poutèt sa nou vle rann aprantisaj pi senp, pi aksesib ak pi efikas.

Misyon nou

Bay elèv yo kontni edikatif ki klè, serye ak fasil pou konprann, pou ede yo reyisi nan etid yo ak egzamen yo.

Vizyon nou

Vin youn nan pi gwo platfòm edikatif an kreyòl pou elèv ann Ayiti, kote yo ka jwenn leson, rezime, egzèsis, dokiman ak lòt resous pou sipòte aprantisaj yo.

Valè nou

  • Kalite nan kontni nou pataje.
  • Senplisite nan fason nou eksplike leson yo.
  • Aksè fasil ak resous edikatif.
  • Angajman pou sipòte edikasyon ann Ayiti.

Pou kiyès Konevya fèt?

Nan premye etap li, Konevya fèt espesyalman pou elèv 9e Ane Fondamantal ak NS4. Objektif nou se elaji platfòm la pou sèvi plis nivo lekòl ak plis matyè nan lavni.

Objektif nou

Mete rezime leson ki fasil pou konprann.

Bay dokiman ak fich revizyon pou telechaje.

Prepare egzèsis pou ede elèv yo pratike.

Devlope yon bibliyotèk edikatif dijital an kreyòl.

Swiv nou !

© Tout dwa rezève - Dizayne pa Joshua Design